No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl58 MJK – Chak moman Sovè mwen mennenm

58 MJK – Chak moman Sovè mwen mennenm

1

Chak moman Sovè mwen mennenm;

Kisa mwen dwe tann ankò?

Mwen pa janm ka doute lanmoul,

Wi, sa vo plis pase lò.

Lapè, syèl ak konsolasyon

Ak lafwa mwen jwenn nan Li;

E nan tout bagay ki rivem

Mwen toujou wè Jezikri. (2 liy, 2 fwa)

2

Chak moman Sovè mwen mennenm;

Souri Li klere chemenm.

Li banm gras pou tout eprèv mwen,

Pen ki soti nan Li menm.

Malgre pye mwen souvan glise

E nanm mwen konnen swaf tou,

Soti nan wòch la devan mwen

Sous la jayi nwit kon jou. (2 liy, 2 fwa)

3

Chak moman Sovè mwen mennenm,

Kèm ranpli ak lapè li;

Lanmoul va toujou anbrasem

Menm nan soufrans ak dizèt;

Lè mwen va monte nan syèl la

Kote Jezi ap tann mwen,

Chan sa a ma va chante toujou:

Li va mennenm jouk lafen. (2 liy, 2 fwa)

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!