No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl49 MJK – Lakwa kanpe solid

49 MJK – Lakwa kanpe solid

1

Lakwa kanpe solid,

Alelouya! Alelouya!

Dekouraje? jamè!

Alelouya! Alelouya!

Tout van lanfè soufle,

Lemonn la pou twonpe,

Men lakwa rete solid,

Alelouya pou lakwa!

Alelouya! Alelouya!

Alelouya pou lakwa!

Alelouya! Alelouya!

Li sove sak gen lafwa.

2

Se toujou kwa Jezi,

Alelouya! Alelouya!

Li pote laviktwa

Alelouya! Alelouya!

Lakwa montre gras li,

Nan Kris, Pitit Bondye,

Ki te mouri pou sove nou,

Alelouya pou lakwa!

3

Jezi te peye dèt peche,

Alelouya! Alelouya!

Li pote peche nou,

Alelouya! Alelouya!

Se pou lakwa nou chante,

Kris se ofrann pou nou,

Kris Wa nou an vivan,

Alelouya pou lakwa!

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!