No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl44 CDK – Vini chak moun ki plen peche

44 CDK – Vini chak moun ki plen peche

1

Vini chak moun ki plen peche

Kris gen mizèrikòd;

Li di li va ba ou lapè,

La met kè ou annòd.

Sèlman kwè li, (2 fwa)

Sèlman kwè Jezi;

La sove ou, (2 fwa)

La sove ou tou.

2

Jezikri te vèse san li,

Ki gran benediksyon!

Plonje ou nan san Jezikri

Lap lave tout pechew.

3

Wi, Jezi se chemen lavi

Ki mennen nou nan syèl;

Vin met tout konfyans ou nan li;

Ou pap mache tousèl.

4

Vin non, ini ou avèk nou

Ki prale nan laglwa,

Pou abite la toulejou

Kote tout moun anjwa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!