No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl42 EEK – Montay yo pral tranble

42 EEK – Montay yo pral tranble

1

Montay yo pral tranble,

Tout wòch yo pral woule

Zetwal yo pral kouche,

Lè Jezi va vini

Mokè yo pral chache

Kote pou yo kache

Tonm yo prale louvri,

Pral gen anpil kriye

Lemonn pral boulvèse

Lè Jezi va vini

Zanmim ou bezwen jwenn

Yon kote pou ou kache.

Èske ou va jwenn yon kote

Pou ou kache?

Lè twonpèt la va sonnen,

Kote ou va kache?

Èske ou va jwenn yon kote

Pou ou kache?

Zanmim ou bezwen

Kache nanm ou nan Jezikri.

2

Zanmim pral gen kriye

Zanmim pral gen rele

Mò pral resisite,

Lè Jezi va vini

Lap vin jije lemonn

Pral gen anpil rele

Lemonn pral boulvèse

Solèy pral vin tounwa,

Lalin pral tounen san

Lè Jezi va vini

Zanmim ou bezwen

Kache nanm ou nan Jezikri.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!