No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl24 RCK – Satan ap vire won nan kat kwen latè

24 RCK – Satan ap vire won nan kat kwen latè

1

Satan ap vire won nan kat kwen latè

Lap mennen kanpay li, lè a pre rive

Tou sa ki pa dwat yo, li mete men sou yo

Kretyen yo pwoteje.

Gade monchè pa manyenm tande

Ou gen lè pa wè mwen gen yon so sou mwen

Gade monchè pa manyenm tande

Ou gen lè pa wèm sove.

2

Li antre nan legliz li fè moun dòmi

Li bouche zòrèy yo pou yo pa tande mesaj

Lè yo prale dòmi yo pa sonje priye

Li pote viktwa sou yo.

3

Gen anpil jenn gason andedan legliz

Avèk anpil jenn fiki pa konn valè yo

Lè yo fiyanse se tankou yo plase

Yo pa gen krent pou Bondye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!