No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl21 EEK – Byenneme leve tèt nou

21 EEK – Byenneme leve tèt nou

1

Byenneme, leve tèt nou

Ann gade ki lè li ye

Se pa lè pou nap domi, reveye nou

Tan an mande poun sispann jwe

Paske lè a avanse

Si nou rete nan somèy nou

Nou va byen wont jou sa a.

Ann mete an pratik mesaj dènye tan sa

Poun nou chache sanktifikasyon

Si nou rete fidèl

Si n pote laviktwa

Nou asire yon jou na wè Jezi.

2

Nou se yon pèp yo meprize

Moun lèzòm abandone

Men sa pa fè nou anyen, nou gen espwa

Jezi te fè nou konn sa

Pinga nou pè, ti mouton mwen yo

Se tout plezi papa nou

Poul ban nou wayòm sa a.

3

Ala yon gran jou sa va ye

Lè twonpèt la va sone

Pou tout mò nan Jezi yo leve

Pou yal rankontre li

Va gen kriye, va gen rele

Pou sa yo ki pat prepare

O bon papa, genyen pitye

Pou pitit ou yo non.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!