No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl16 RNK – Yon jou nou te konvèti

16 RNK – Yon jou nou te konvèti

1

Yon jou nou te konvèti,

Ala yon bèl jou sa;

Jezi te padone nou,

Li te ban nou lafwa,

Nou te di: map swiv

Jezi pou letènite

Eske nou toujou fidèl?

Eske nou kretyen vre?

Refren

O, nou pa kapab preche lemonn

Si nou gen peche

Se poutèt sa nap mande Bondye

Pou yon revèy

Fidèl yo, misyonè yo,

Pastè yo, se vre,

Na wè pisans Seyè a

Lè nou gen yon revèy.

2

Nou gen tan pou nou travay

Nou gen tan pou nou jwe;

Poukisa li si difisil

Poun jwenn tan poun priye

Papa nou vle beni nou;

Bib la di konsa:

Mande, chache, e frape,

E ou va resevwa.

3

Si ou santi kè ou refwadi,

Siw dekouraje,

Kounyè a se tan favorab

Pou ou rechofe,

Konfese peche sa a ki fè ou tonbe

Jezi va padone ou

E ou va gen lajwa.

4

Gen yon peche tankou pwazon

Li trè danjere,

Li ka touye legliz si nou kitel antre

Tripotay, se peche sal

Fòk nou fèl sispann

Lè nou sispann eskandal

Pisans la va desann.

5

Nou batize, nou manm legliz

Nou santi nou bon,

Men malgre sa nou manke anpil benediksyon

Louvri Bib la nan Malachi chapit twa

Se poun peye ladim.

Se Bondye ki mande sa.

6

Tout moun bezwen yon revèy;

Nou tout bezwen vin sen

Paske yon jou Jezi va parèt

Ak zanj li yo,

Fòk wòb nou pi e san tach,

Fòk nou sanktifye;

Nou tout rete fidèl,

Jouktan jou sa a va rive.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!