No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl15 CDK – Mwen vle swiv Jezi jouk lafen

15 CDK – Mwen vle swiv Jezi jouk lafen

1

Mwen vle swiv Jezi jouk lafen

Se li ki Senyè mwen!

Ma va pèsevere nan li;

Sa, se lidem pou tout lavi;

Lòt moun ka fè sa yo vle.

Mwen deside poum genyen lapè

Mwen va mache avèk Jezikri,

Ma chache fè volonte li.

2

Mwen konnenm kapab gen feblès,

Lèm devan gran detrès.

Men Jezi fè pwomès poul ede

Moun ki gen lafwa nan li.

Jezi kenbem ak de men.

Nan gras li yon pechè ka vin sen.

Tout konfyans mwen, se nan Jezi

Konsa ma swiv li jouk lafen.

3

Tout moun ki vle swiv Jezikri

Dwe konnen yap soufri.

Satan ka byen vle tante yo

Pou fè yo swiv move chemen.

Men se Jezikri ki mèt,

Li te gen viktwa, li genyenl nèt.

Ma va mache avèk Jezikri,

Ma chache fè volonte li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!