No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl127 CDK – Souvan m mache tris nan lavim

127 CDK – Souvan m mache tris nan lavim

1

Souvan m mache tris nan lavim

Chaje ak fado mwen;

Men yon moun vini sekourim,

Mwen twouve Bondye la.

Bondye la pou tande mwen,

Pou pran fadom ak tèt chajem,

Li pataje chaj la avèm

Bondye la, wi, Bondye la.

2

Lè tout baryè ak pòt fèmen,

Nanpwen wout pou pase;

Lè tout espwa pèdi pou mwen,

Mwen twouve Bondye la.

3

Malgrem genyen anpil pwoblèm,

Ak chaj pou mwen pote;

Mwen gen konfyans gras li avèm,

Mwen konnen Bondye la.

Bondye la pou fèm kontan,

Pou chase tout krent nan kè mwen;

Lèm tande vwal mwen pa pantan,

Bondye la, wi, Bondye la.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!