No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl1 RCK – Lè pwoblèm vin pou ravajem

1 RCK – Lè pwoblèm vin pou ravajem

1

Lè pwoblèm vin pou ravajem,

Tristès dekourajem,

Tout pòt fèmen, nanpwen wout poum pase;

Mwen louvri bra mwen bay Jezi,

Li tande lèm priye

Nanpwen montay Bondye pa deplase.

Nanpwen montay ki ka kanpe

Devan pisans Bondye

Lèm rete fèm e kèm pa boulvèse

Mwen konnen wout la pa fasil,

Eprèv yo difisil

Nanpwen montay Bondye pa deplase.

2

Jezi mande poul ede nou

Nanm nou va jwenn sekou

Pisans li fò, pa gen pi gran pasel

Li bay pouvwa pou nou mare,

Pouvwa pou nou lage

Ak Bondye la tout sikonstans chanje.

3

Annou pèsevere frèm yo,

Pèsevere sèm yo

Annou kenbe bra Jezikri pi fò

Si pou nou genyen laviktwa,

Fòk nou kenbe pi fò

Bondye konnen nan ki batay nou ye.

4

Pèsekisyon gen poul fini

Tantasyon pral fini

Satan genyen poul krenn tout kretyen yo

Konvwatiz yo gen pou ale,

Lachè gen poul kraze

Nanpwen montay Bondye pa deplase.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!