No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl81 RNK – Ou bezwen konnen kòman Jezi te sove mwen

81 RNK – Ou bezwen konnen kòman Jezi te sove mwen

1

Ou bezwen konnen

Kòman Jezi te sove mwen?

Li te vin wetem nan monn egare

Mwen te gen lajan,

Men mwen pat genyen yon bi;

Sete plezi, manje,

Byen bwè e mouri.

Jezi nan lanmou li,

Te ban mwen apèl sa a:

Vin jwenn mwen,

Moun ki fatige e chaje;

Ma va soulaje ou,

Ma va pwoteje ou.

Pou tout pwoblèm ou

Mwen genyen vrè solisyon;

Ou va gen lavi, jwa

Lapè pou tout tan,

Ou va gen espwa lavi etènel.

2

Mwen kite satan

Pou mwen vin aksepte Jezi;

E depi lè sa a tout lavim te chanje

Tout tristès mwen te ale

Lajwa te ranplim.

Lajanm kounyè a,

Mwen pap pote li bay ongan;

Map chita manje li

Avèk fanmi mwen.

Lajanm kounyè a,

Se pou travay Bondye;

Li pran sousi mwen,

Gade kijanm viv byennere.

Pwoblèm pa twoublem

Mwen vin san pwoblèm

Paskem gen Jezi.

Jezi vini, li ban mwen lavi. (2 fwa)

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!