No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl59 EEK – Mwen pap mete lidem sou bagay latè

59 EEK – Mwen pap mete lidem sou bagay latè

1

Mwen pap mete lidem

Sou bagay latè

Map chache bagay ki anwo

Mwen genyen pou male

Nan peyi anwo a

Pou mal jwi bonè ki pap janm fini.

Refren

Bonè ki pape janm fini

Ma rete ak Bondye papa mwen

Mwen pap mete lidem

Sou bagay latè

Ma prale jwenn papam anwo a.

2

Mwen konnen gen anpil

Pwoblèm sou wout la

Doulè ak anpil tèt chaje

Mwen genyen poum priye

Poum pa dekouraje

Fòk male jwenn papam anwo a.

3

Gen anpil bagay ki

Rezève pou mwen.

Pou tout kretyen kape lite

Gen anpil bèl bagay

Kap tann nou nan syèl la

Lè nale nan peyi anwo a.

4

Lè nou va rive nan

Palè wa nou an

Nou va rankontre ak zanj yo

Nou va louwe ak yo,

Nan palè nan syèl la

Ala bèl sa va bèl lè sa a.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!