No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl26 EEK – Lagem nan dezè a ma ale avèk Jezi

26 EEK – Lagem nan dezè a ma ale avèk Jezi

1

Lagem nan dezè a

Ma ale avèk Jezi

Li se bon zanmi mwen

Li pape janm twonpem

Li te mouri pou mwen

Lap toujou pwotejem

Lagem nan dezè a

Ma ale avèk Jezi.

Mwen bezwen ale sèl avèk Sovè mwen

Lè mwen santim grangou

Labitye bay lama n

Li te nouri Eli menn nan yon gwo twou wòch

Lè mwen santi mwen swaf

Woche yo konn bay dlo.

2

Lemonn se ipokrit

Mwen pa bezwen zanmil

Lemonn bezwen lajan

Mwen pa bezwen relasyonl

Deja m vle detachem

Ak tout bagay latè

Lagem nan dezè a

Ma ale avèk Jezi.

3

Mwen konn sekrè lemonn

Pa gen anyen serye

Se mache makiye

Pou yo twonpe lèzòt

Se mache pran vye pwen

Pou yo kapab manje gra

Lagem nan dezè a

Ma ale avèk Jezi.

4

Li te pranm nan labou

Li fè mwen vini pwòp

Li voyem kote nou

Pou mwen chante glwa li

Lè mwen sonje jou sa a

Fòm gen rekonesans

Lagem nan dezè a

Ma ale avèk Jezi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!