No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl99 CDK – Mwen vle rakonte toupatou

99 CDK – Mwen vle rakonte toupatou

1

Mwen vle rakonte toupatou

Kòman Jezi renmen mwen:

Sou latè li vini yon jou

Pou li bay vi li pou mwen.

Se yon bèl istwa nap rakonte,

Jezikri mouri pou nou.

Annou chante, annou adore

Yon Wa ki si renmen nou!

2

Mwen te pèdi, li sove mwen,

Li te wè janm tap soufri;

Ak bra li, li antoure mwen,

Li pran mwen sou zepòl li.

3

A! Byen souvan mwen akable,

Lavi a bat kouraj mwen;

Men mwen pa pè, Jezi tou pre

Pou rekonfòte nanm mwen.

4

Toujou Jezi se Sovè mwen,

E kan lè a va rive

Pou male wè Redanmtè mwen,

Se avèk jwa mwen prale.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!