No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl96 CDK – Nan lemonn mwen te pèdi nan peche

96 CDK – Nan lemonn mwen te pèdi nan peche

1

Nan lemonn mwen te pèdi nan peche

Men Jezi te sovem, map ba li tout glwa,

Ak kòd plezi lemonn, mwen te mare,

Kris te fèm lib ak pisans li.

Ala bèl jou, lè Kris te jwenn mwen!

Ak gran pitye li te leve mwen;

Li te wete pechem, ak li map mache;

Mwen gen laviktwa

Ak lajwa nan nanm mwen

Ala bèl jou, o alelouya!

Jezi jwenn toutbon sak pou li;

Alò ma chante: Ozana, Ozana!

Lèm wè Jezi nan tout glwa li.

2

Se te yon gran jou, syèl la te plen jwa,

Menm mwen menm tou, mwen te santi jwa sa a

Depi lè a mwen toujou plen ak jwa,

Paske nan kèm Jezi se Wa.

3

Sa va yon gran jou lè nou va ansanm,

Nan syèl avèk Jezi pou letènite,

Pou nou rakonte istwa lanmou li

Poun toujou adore non li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!