No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl94 CDK – Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou...

94 CDK – Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen

1

Mwen ta vle di ou sa Jezi fè pou kè mwen,

Depi mwen te jwenn li pou bon zanmi mwen;

Mwen ta diw jan lavim te chanje konplètman

E kè mwen te ranpli avèk kontantman.

Pèsonn pat janm renmen mwen kon Jezi,

Pa gen yon lòt bon zanmi kon li.

Nanpwen lòt kap blanchi

Pechem ki wouj anpil!

O, ala li te renmenm!

2

Vim te tou sal ak peche

Lè Jezi jwenn mwen,

Kèm te plen ak mizè, tèt mwen te chaje.

Men avèk amou li Jezi te vlope mwen,

E li kondui mwen kotem te dwe ale.

3

Chak jou li vin jwenn mwen

Poul ban mwen asirans

Jou aprè jou mwen pi konnen lanmou li;

Mwen pap janm konprann

Pouki li te vin sovem

Jouk lè nan syèl la ma va rankontre li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!