No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl91 CDK – Jezi mande ou briye pou li kote ou ye

91 CDK – Jezi mande ou briye pou li kote ou ye

1

Jezi mande ou briye pou li kote ou ye

Tout kretyen, bay limyè toupatou;

Briye nan fanmi ou, nan travay, kote ou ye.

Briye pou Jezi kote ou ye.

Briye pou Jezi kote ou ye, (2 fwa)

Limyè ou ka ede yon nanm

Pèdi jwenn Jezi;

Briye pou Jezi kote ou ye.

2

Menm lè syèl la nwa, menm lè

Chemen an pa twò klè,

Se lè sa a pou limyè ou briye.

Pou briye, Jezi te lese ou menm sou latè;

Briye pou Jezi kote ou ye.

3

Se yon gran gras Bondye

Fè ou vini yon limyè

Lè peche, tenèb antoure ou,

Leve limyè a byen wo

Poul ka klere tout kè;

Briye pou Jezi kote ou ye.

4

Si ou vle briye yon jou ak Jezi nan syèl la,

Limyè ou dwe limen sou latè;

Paske Bondye plase nou kòm limyè isiba;

Briye pou Jezi kote ou ye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!