No menu items!
HomeDes Cantiques Spéciaux Kreyòl9 CSK – Lavi ou lanmò banm Jezi

9 CSK – Lavi ou lanmò banm Jezi

1

Lavi ou lanmò banm Jezi,

Pa gen anyenk pou fèm kitel,

Se nan lik gen lavi

Si nan lemonn te gen afè

Se la n te ye nou ta jwenn li

Kounyè a m santim byen, kitem la.

Deyò a pa gen anyen,

Se ladann nou te ye

Eskew wè se menm bagay

Lèw rankontre Jezi

Yon bon zanmi tankou Jezi m pa wè

Rezon poum pa sèvil,

Fò n lage kò n nan menl je fèmen.

2

Gen moun vrèman ki gen lajan,

Men tèt yo cho tankou vè lanp

Yap tann jou regleman

Lè se Jezi k ba ou richès,

Li pa ba oul ak regleman,

Lè saw santiw alèz, kèw anpè.

3

Lèw nan lemonn ou pran pleziw

Lè saw pa gen okenn limit,

Ou vire kòw janw vle

Byen manje, byen bwè, byen mennen,

Mezanmi se pa ti koze

Lolo, satan ap lolow poul manjew.

4

Gen lèw bliye kotew soti,

M wè ou gen lide pou tounen,

Sanwont ki ta nan kòw

Sa ou te konn pran nan lemonn,

Jis kounyè a w pa vle rayil

Ala ou gen mizè rekonesans.

5

Siw wè jodia map chante

Se gras Bondye k metem sou moun,

Se yon moun fini m te ye

Lèm rankontre avèk Jezi

Li krazem epi li refèm

Depi lè sa a m chanje, men mwen.

Chant du groupe les Gilbert

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!