No menu items!
HomeLes Cantiques De Béraca Kreyòl9 CBK – Mwen leve devanw Bondye

9 CBK – Mwen leve devanw Bondye

1

Mwen leve devanw Bondye

Map repann nanm mwen poum chante

Mwen louvri gòj mwen poum ba ou glwa

Paske se ouk genyen tout pouvwa

Map rele byen fò poum fè louwanj ou

M desann mwen byen ba devan ou

Mwen vin pwoklame kijan ou gran

Mwen vle egzalte nonw pou tout tan.

Lèm rele nan pyew, ou tande rèl mwen

Anba chenn peche ou delivre mwen

Ou toujou reponn ak tout bezwen mwen

Senyè ou toujou soulaje mwen

Se ou ki banm fòs pou mwen goumen

Devan tantasyon k vle fèm trennen.

Lè chemen mwen nwa, ou toujou banm men

Ou ban mwen lespwa lè tout pòt fèmen

Se ou ki ranpa, wòch delivrans mwen

Sou tout ti pyebwa lawouze simen

Ou gen tout pouvwa, ou beni nanm mwen

Jezi ou se Wa wap gouvène.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!