No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl86 CDK – Pi bon zanmim se Jezi

86 CDK – Pi bon zanmim se Jezi

1

Pi bon zanmim se Jezi,

Lanmou li gran, se vre;

Li pap janm abandonem

Nan tout sa mape fè.

Lè mwen fèl lapenn nan lavim

Li toujou bon pou mwen;

Lèm repanti, li padonem

Alò mwen gen lapè.

Pi bon zanmi mwen sou latè se Jezi

Pi bon zanmi mwen sou latè se Jezi

Li lave pechem, lap mennenm nan syèl

Amou Jezi si bèl.

2

Pafwa syèl mwen plen ak nyaj

Tout chemen mwen fènwa,

Fas li kache ak lonbraj

Lè mwen pa gen lafwa.

Ak lanmou, li priye pou mwen,

Kè mwen vin soulaje

Paske li wete tout chagren;

Tout lapenn mwen ale.

3

Mwen vle chante amou li,

Amou Jezi pou mwen,

Bontel ak fidelitel,

Pou yon pechè kon mwen.

Kijanm kapab di li mèsi

Pou amoul anvè mwen?

Se poum renmen e sèvi li,

Chak jou, swiv li pi pre.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!