No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl84 MJK – Lanmou Bondye, li gran anpil

84 MJK – Lanmou Bondye, li gran anpil

1

Lanmou Bondye, li gran anpil

Kon yon sous dlo kap koule

Li soti fon nan kè Jezi

E li pape janm fini.

Li va louvri bèl pòt syèl la

E se sèten map antre

Paske Jezi vèse san Li

Pou sove mwen nan peche.

2

Mwen te kon yon mouton blese

Kon yon zwazo ki pran kou

Kèm te brize men Li gerim

Li plen kè mwen ak lajwa.

3

Lè vwayaj mwen va tèmine

Nan syèl la ma va rive

Grasa lanmou Jezi si gran

Li va di mwen vin antre.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!