No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl84 CDK – Map viv pou Jezi yon vi ki sensè

84 CDK – Map viv pou Jezi yon vi ki sensè

1

Map viv pou Jezi yon vi ki sensè

Yon vi plen obeyisans ak tout kè;

Map fè tout efò pou fè li plezi,

Konsa la toujou benim nan lavi.

Jezi, Senyè ak Sovèm,

Mwen ba ou tout la vim,

Paske sou lakwa Kalvè,

Se pou mwen ou mouri.

Se ou menm sèl ki Mèt mwen,

Pran kèm kòm twòn pa ou;

Map bay lavi mwen poum sèvi

Ou menm, Kris, pou toujou.

2

Map viv pou Jezi ki wete pechem;

Li mouri sou kwa a poul te ka sovem.

Amou sa a oblije m koute vwa li;

Ma bal sam genyen, epi map swiv li.

3

Map viv pou Jezi tout kotem pase;

Map fè tout sam fè pou laglwa Bondye.

Mwen prèt pou soufri afliksyon ou pèd,

Malgre tout eprèv mwen pap janm regrèt.

4

Map viv pou Jezi ti tan lavi sa a,

Pi gran trezò mwen se souri Mèt la.

Travay mwen se chache pechè pèdi,

Fè moun ki bouke jwenn repo nan li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!