No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl83 CDK – Zanj ap chante anlè

83 CDK – Zanj ap chante anlè

1

Zanj ap chante anlè

Men bèl zetwal nan syèl;

Gen pitit pou nou wè,

Jezi Emanyèl.

Kite mouton yo la,

Vini wè mèvèy sa a,

Yon krèch nan Bètleyèm

Resevwa Wa tout wa a.

2

Menm zetwal nan lajwa

Pou mèvèy ki fèt la;

Paske pitit vyèj la

Se Senyè tout latè.

Maj, kite peyi ou

Vini wè mèvèy sa a,

Yon krèch nan Bètleyèm

Resevwa Wa tout wa a.

3

Ti pitit ki kouche

Nan limyè zetwal la,

Se pitit Letènèl,

Se pou li tout laglwa.

Nou tout zanj nan syèl la

Vini wè mèvèy sa a,

Yon krèch nan Bètleyèm

Resevwa Wa tout wa a.

4

Tout moun ki nan fènwa

Yo tout anba malè,

Se pou nou bèl chan sa a,

Bondye ban nou limyè.

Kouri vin jwenn Jezi,

Se li menm ki Sovè;

Pitit sa a nan krèch la

Se Jezi Redanmtè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!