No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl82 RNK – Lemonn se pa lakay mwen

82 RNK – Lemonn se pa lakay mwen

1

Lemonn se pa lakay mwen,

Nan syèl mwen prale;

Trezò mwen ak kè mwen,

Anwo, yo tout fikse.

Mwen tande zanj yo

Kap rele mwen ale la,

E mwen pa ka santim

Twò alèz isiba.

Jezi, ou konnen

Ou se sèl zanmi mwen,

Sim pat gen espwa syèl,

O Senyè, sam ta fè?

Mwen tande zanj yo

Kap rele mwen anlè a,

E mwen pa ka santim

Twò alèz isiba.

2

Mwen konnen mwen pa bon,

Mwen fè anpil peche,

Men mwen gen tout espwa

Paske Kris se Sovèm;

Se li menm ki te mouri

Sou bwa Kalvè a

E li te sove nanm mwen pou letènite.

3

Mwen gen kèk byenneme

Ki al nan syèl deja;

Yo nan bra Jezikri

E yape tann mwen la.

Mwen vle kontinye

Lite kon yon bon sòlda.

Men Jezi, lè ou relem,

Ma vini avèk jwa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!