No menu items!
HomeL’Ombre Du Réveil Kreyòl82 ORK – Papa mwen chita devanw maten an

82 ORK – Papa mwen chita devanw maten an

1

Papa mwen chita devanw maten an

Men ti Bib mwen louvri devanm

Map mandew tanpri louvri lespri mwen

Poum ka konprann pawòl ki ladanl

Poum ka sonje se ou ki papa mwen

Poum toujou fè tout sa ou di mwen

Mwen bezwen fòs Lesprisen ou anpil

Poum rete toujou nan bon chemen.

Lavem ak dlo vivan

Nourim ak pawòl vivan

Poum sèvi Bondye vivan

Toutotan mwen rete vivan.

2

Mèsi Bondye ou ban mwen pawòl sa a

Lèm dekouraje li ban mwen fòs

Lèm grangou, lè mwen swaf mwen sipòte

Pawòl sa gen pwoteyin ladanl

Tanpri pa kitem pase yon maten

Poum pa pran randevou ak Bib mwen

Sanm pa jwenn medikaman mwen bezwen

Pou pase jounen an ak Bondye.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!