No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl82 CDK – Koute zanj yo ap chante

82 CDK – Koute zanj yo ap chante

1

Koute! Zanj yo ap chante

Glwa pou Jezi, ki vin fèt;

Se lapè e se lajwa,

Moun va sove ak lafwa.

Vini tout moun, chante tou,

Zanj yo ap chante ak nou.

Jezi fèt nan Bètleyèm,

Li se pitit Bondye menm!

Koute zanj yo kap chante,

Glwa pou Jezi, ki vin fèt.

2

Nan syèl la yo adorel,

Li se Kris, li etènèl;

Men lè lè a te rive

Li te vini kòm Sovè.

Gade Bondye nan lachè!

Adore li sou latè.

Sa se bagay ki pi bèl

Jezi se Emanyèl.

3

Li te kite tout glwa li,

Li te vini pou mouri,

Pou nou fèt yon dezyèm fwa,

Pou nou antre nan laglwa.

Nou pwostène devan li

Ki sous jistis ak lavi.

Glwa, onè, lwanj, viktwa,

Ba li tout, se li ki Wa.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!