No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl80 MJK – Lè kè ou byen tris, O gade Jezi

80 MJK – Lè kè ou byen tris, O gade Jezi

1

Lè kè ou byen tris, O gade Jezi,

Se pi bon zanmi ou ka genyen,

Ou va jwenn Jezi kanpe tou pre ou,

Pou konsole ou chak lè, chak jou.

Kèw tris, di Jezi tout bagay,

Ale kounye a,

Pa pran tan pou di Li tout,

Kèw tris, bay Jezi tout chay la,

Li va ranpli kèw avèk lajwa.

2

Jezi bay lajwa nan plas gwo tristès,

Li bay soulajman nan plas lapenn,

Jezikri se toujou Gran Doktè a,

Lè ou chachel,

Wa jwenn Li san dout.

3

Jezi konnen nenpòt traka ou genyen,

E Li vle geri nanm ou ki twouble,

Èskew va gen konfyans nan lanmou Li?

Jezi sèl ka geri lespri ou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!