No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl8 RNK – Mwen pa gen moun kap separem ak Kris

8 RNK – Mwen pa gen moun kap separem ak Kris

1

Mwen pa gen moun kap separem ak Kris (2 fwa)

Mwen sonje byen komanm te pèdi;

Nan bafon peche kotem te ye

Jezi te rachtem ak san li

Mwen pa gen moun ki ka separem ak Kris.

2

Mwen sonje kòmanm te nan esklavaj,

Jezikri te vini ak san li.

E li te retirem nan esklavaj,

E li peye dèt peche mwen yo,

Mwen pa gen moun kap separem ak Kris.

3

O! Jezikri se yon mèvèy pou mwen!

Ki moun ki ka separem ak Kris?

Jezikri se yon bon bèje.

Li te bay pwòp tèt li pou sovem

E li te rachtem nan men satan.

Ki moun kap separem ak Kris?

4

Mwen pa kapab bliye soufrans Jezi (2 fwa)

Yo te pandye li sou lakwa,

Yo te souflete li ak kalòt,

E li aksepte tou sa pou mwen.

Ki moun ki ka separem ak Jezi? (2 fwa)

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!