No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl8 RCK – Bondye va sove moun ki pou li yo

8 RCK – Bondye va sove moun ki pou li yo

1

Bondye va sove moun ki pou li yo

Nou menm kretyen nou dwe kenbe lafwa

Menm si nou wè lemonn ap boulvèse, kenbe la.

Lè Bondye tap touye premye ne Lejip yo

Pèp Izrayèl pase san mouton an

Lè zanj lan pase li pa wè san an, li touye.

Gloriya! Gloriya! Gloriya! Glwaradye! (2 fwa)

2

Yo lage twa jèn gason nan founèz

Wa a pase lòd pou yo chofe founèz la

Demen lèl gade li wè kat moun, tou vivan

Yo lage Danyèl nan fòs lyon an

Lyon yo kouche e yap adore li

Nan demen wa a gade li wè Danyèl tou vivan.

3

Yo pran Samson yo metel nan prizon

Kat mil moun te vin pasel nan rizib

Bondye te fè Samson kraze kay la, yo mouri

David bay Golyat yon kout fistibal

E li pran epel li koupe tèt li

David soti nan kan Filisten an, byen vivan.

4

Lè Bondye tap lage dife nan vil Sodòm

Twa zanj al di Lo poul kite vil sa a

Dife sot nan syèl li boule Sodòm, Lo vivan.

Bondye di Noye poul fè yon bato

Lap rantre ladanl ak tout fanmi li

Dlo monte touye moun sou latè, Noye vivan.

5

Jezi kontre antèman Nayim nan

Yon jèn fiyo ta pral mete nan tonbo

Jezi kanpe li fè li leve, byen vivan

Lè Laza te mouri depi kat jou

Yo te mennen Jezi bò tonbo a

Jezi te priye Laza te leve, byen vivan.

6

Pyè te rive nan lanmò Dòkas la

Li met ajenou atè li priye

Li gade li wè Bondye fè vèv la, byen vivan

Yo te klouwe Jezi sou lakwa a

Yo te potel al metel nan tonbo a

Bondye voye zanj yo woule wòch la, Jezi vivan.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!