No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl8 HCK – Koute yon nouvèl mwen genyen pou ou

8 HCK – Koute yon nouvèl mwen genyen pou ou

1

Koute yon nouvèl mwen genyen pou ou

Li bon e li bèl, mwen vle ba ou li;

Tout peche mwen fè yo, tout jwenn padon.

Mwen jwenn delivrans nan Jezikri.

Pou ou menm tou genyen chans toujou,

Genyen yon bèl palè selès

Ki rezève pou tout sa yo ki vle,

Pwofite delivrans la.

2

Plezi lemonn yo pa enteresem

Paske yo pa kapab satisfèm;

Mwen pito lapè Jezi ban mwen an

Li va dire pou letènite.

Kounye a mwen kontan nan Jezi,

Mwen pral nan syèl la, grasa li

Li toujou gidem, pawòl li edem

Mache nan laverite.

3

Sa pa fèm anyen si yo joure mwen,

Paske yo pa konnen bon Senyèm;

Li te chache mwen e li sove mwen

Se lanmou li ki andedan kèm.

Sou tè a ma gen tout gwo eprèv,

Men kè mwen jwenn repo nan li;

Sa va yon gran jwa pou rive laba

Kote tout peche fini.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!