No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl8 EEK – Si nou sonje lè nou te nan lemonn

8 EEK – Si nou sonje lè nou te nan lemonn

1

Si nou sonje lè nou te nan lemonn

Nou te nan esklavaj, nou pat genyen espwa

Nou te tankou mouton ki egare

Ki pat gen patiraj

Djab la te mennen nou

Nan tout sa ki pa bon

Men Jezi nan lanmoul te vin mouri pou nou

E li te rachte nou anba malediksyon

Kounyè a nap chante pou nou ka ba li glwa

Paske li delivre nanm nou anba peche.

Si ou genyen pwoblèm pandan nap chante la a

Leve men ou anlè, pwoblèm ou va rezoud,

Jezi, pwoblèm yo nan men ou.

Pwoblèm espirityèl, pwoblèm santimantal

Pwoblèm materyèl, yo tout yo nan men ou

Jezi, pwoblèm yo nan men ou.

Gen moun ki san manman

Gen moun ki san papa

Se òfelen yo ye, yo tout yo nan men ou

Jezi pwoblèm yo nan men ou

Si ou genyen lafwa ou mèt desann men ou

Nan non Jezikri pwoblèm ou va rezoud,

Jezi, pwoblèm yo nan men ou.

2

Lemonn alèz yo di yo san pwoblèm,

Men yo tout pè mouri paske vi yo pa pwòp;

Nou menm kretyen nou konn gen ti pwoblèm,

Men nou pa pè anyen paske Bondye nou an

Se matematisyen.

Se lik kreye lemonn ak tout sa ki ladanl

Tè a avèk syèl la se nan men li yo ye

Li konn geri malad, li konn rezoud pwoblèm

Nou pa ka konpare grandè Bondye nou an.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!