No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl79 CDK – Preparem pou lagè

79 CDK – Preparem pou lagè

1

Preparem pou lagè

Poum konbat sa ki mal.

Banm yon bon kè, yon kè ki pwòp

Ki pap di pawòl sal.

Dirije tout pansem,

Pirifye lespri mwen.

Ak gras ou travay mwen va byen,

Sil fèt avèk renmen.

2

Mouton Bondye, ban mwen

Menm lespri dous pa ou

Fè tout aktivite pa mwen

Fèt ak charite tou.

Kitem envite moun

Avèk anpil dousè,

Ou pa vle pèdi menm yonn,

Menm sa yo ki pi pè.

3

Pa kite mwen konfyem

Nan anyen sof ou menm;

Sim gen lespri ògèy nan kèm

Fèm santi feblès mwen.

Fèm konnen m pa anyen;

Men gras a Lespri Sen

Tout bagay bon ka fèt nan mwen,

E se ou menm kap fèl.

4

Ban mwen lanmou pa ou,

Poum swiv chemen ou swiv.

Ou rayi tout bagay ki fo

Men ou renmen tout moun.

Chanje, gide lesprim

Lwen tout bagay ki fo,

Poum rayi peche ak tout kèm,

Men renmen pechè yo.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!