No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl78 CDK – Lemonn antye pèdi nan tenèb peche

78 CDK – Lemonn antye pèdi nan tenèb peche

1

Lemonn antye pèdi nan tenèb peche

Sèl limyè lemonn se Jezi!

Kon solèy midi levanjil la briye;

Sèl limyè lemonn se Jezi!

Vin jwenn Jezi, la ba ou limyè

Limyè a dous, li bèl se Jezi!

Mwen te avèg, kounye a mwen wè

Sèl limyè lemonn se Jezi!

2

Moun ki gen Jezi nan kè yo, gen limyè;

Sèl limyè lemonn se Jezi!

Si ou swiv Jezi chak jou, wa gen limyè;

Sèl limyè lemonn se Jezi!

3

Moun kape viv nan peche, yo nan tenèb

Sèl limyè lemonn se Jezi!

Pa konte sou tradisyon yo, sa twò fèb;

Sèl limyè lemonn se Jezi!

4

Sèl limyè ki va nan syèl la, se Jezi;

Sèl limyè lemonn se Jezi!

Limyè na gen nan vil lò a se Jezi!

Sèl limyè lemonn se Jezi!

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!