No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl76 RNK – Gen moun ki konprann ale nan syèl la

76 RNK – Gen moun ki konprann ale nan syèl la

1

Gen moun ki konprann ale nan syèl la

Se tankou pran panye ale nan mache,

Se pa bèl kay, ni lajan ak bèl oto.

Refren

Ale nan syèl se pa jan ou konprann nan,

Fòw met lafwaw nan Jezikri

Pouw ka ale nan syèl.

Ale nan syèl se pa janw konprann nan,

Fòw met lafwaw nan Jezikri, pouw ka ale.

2

Malgre nap chante, malgre nap priye

Malgre nap jene temwanye toulejou,

Epi gen yon moun ki mare sou kè nou

Eske nou se moun ki kwè nan Kris?

3

Ou gen si lontan depi ou nan legliz

Konduit ou fè wè ou pako kretyen vre,

Renmen an kachèt avèk lemonn yo,

Epi nou konprann pou nale nan syèl.

4

Ou genyen dwèt long; ou genyen lang long.

Ou genyen de madanm; ou genyen de mennaj.

Siw antre nan yon legliz san konvèti

Ou pap kapab antre nan syèl la.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!