No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl76 CDK – Nan fon labim map rele ou

76 CDK – Nan fon labim map rele ou

1

Nan fon labim map rele ou

O koute mwen, Senyè!

Se nan ou sèl mwen jwenn sekou

Poum pa dezespere.

Si ou ta sonje tout peche

Chak moun fè pou ou pini yo,

Ki moun ki ta reziste?

2

Gras a lanmou, nou jwenn nan ou,

Padon peche nou yo,

Jistis nou menm pa bon ditou,

Zèv nou se bagay fo.

Nou pa gen dwa vante tèt nou

Pou anyen bon kap fèt nan nou;

Se gras ou sèl kap fè li.

3

Tout espwam se nan Senyè a,

Zèv mwen pa vo anyen,

Se pa sou yo mwen vle konte,

Lafwam se nan lil ye.

Mwen kite tout bagay nan menl

Li se fòs mwen, li se lavi,

Map tann sekou li kap vini.

4

Menm si li pa ta edem touswit,

Sim oblije tann lontan

De jou pase e menm de nwit,

San m pa kapab konprann;

Kè mwen pap janm pèdi lafwa,

Li pap kite mwen nan fènwa

Map tann sekoul ak konfyans.

5

Peche nou yo te tèlman gran,

Nou te tonbe nan fon;

Men gras li te pi konsekan

Lanmou li tèlman gran;

Bèje nou, Sovè nou, se Li

Ki vle ofri tout moun lavi

Sove yo nan men satan.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!