No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl74 HCK – Lavi sa a tankou yon gran wout

74 HCK – Lavi sa a tankou yon gran wout

1

Lavi sa a tankou yon gran wout

Li genyen yon pòt tou

Pòt sa a se pòt delivrans lan

Bondye ofri tout moun

Anpil moun pase nan pòt la

Malgre yo te soufri

Pòt sa a louvri laj pou tout moun

Vini pase ladanl.

2

Pòt sa a mennen nan wout etwat

Wout ki mennen nan syèl

Nenpòt moun kapab rive la,

E evite jijman

Malgre wout la ka gen pikan

Sa pa dwe fè nou pè

Se men Jezi ki la chak jou,

Pou soutni mouton pal.

3

Pòt sa a klere, Jezi ouvril

Lèl soufri sou Kalvè

Yo pèse fwonl, yo pèse pyel

Li te soufri pou nou

Pitit Bondye, lèl krisifye

Detui pouvwa lanfè

Se poun di tout moun toupatou

Jezi mouri pou yo.

4

Jezi te leve nan lanmò

Plas li nan syèl, anwo

Koute ki jan li envite

Tout moun vin repanti

Se pou nou tout li te soufri

Sanl koule tankou dlo

Lap tann tout moun ki kwè nan li

Pou ba yo padon li.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!