No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl74 CDK – Ala yon zanmi se Jezi

74 CDK – Ala yon zanmi se Jezi

1

Ala yon zanmi se Jezi!

Tout peche nou se chaj li,

Ala yon byenfè pou pote

Penn ba li nan lapriyè!

Konbyen fwa lapè nou pèdi,

Konbyen chagren nou sibi;

Pouki? Paske nou pa pote

Tout ba li nan lapriyè.

2

Si gen tantasyon ak touman,

Ou traka nenpòt kouman,

Nou pa pou janm dekouraje:

Jezi la nan lapriyè.

Kilès zanmi ki si fidèl,

Ki fè nanm bliye doulèl?

Jezi konnen sa feblès ye,

Jwenn ak li nan lapriyè.

3

Nou santin fèb? Nou pa kapab?

Kilès flo nape pase?

Sovè a di li responsab,

Jwenn ak li nan lapriyè.

Si zanmi ou yo bliye ou.

Di Kris sa, lap tande ou.

Lape tann ou, bra li louvri

Jezi vle ba ou lavi.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!