No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl70 RNK – Anvanl te monte nan syèl ale jwenn papal

70 RNK – Anvanl te monte nan syèl ale jwenn papal

1

Anvanl te monte nan syèl ale jwenn papal,

Li te kite disip yo

Pou preche laverite.

Tout sak pa vle kwè levanjil

Deja kondane

Sa ki kwè nan Jezikri,

Prale viv nan syèl avèl.

Refren

Jou Jezi desann sou latè

Avèk lame zanj papal yo

Yon moun ki pa la,

Ou pap pran avyon avèl,

Jou Jezi desann sou latè

Vin chache tout pitit li yo

Yon moun ki pa la,

Ou pap pran avyon avèl.

2

Levanjil preche gratis,

Yo pa akseptel

Fòk nou pa konprann dènye

Jou a nou ka pran daso.

Lè avyon Jezi a prale,

Sak pap gen viza

Fòk nou pa konprann

Rakèt ka voye n ale avèl.

3

Mak 16 vèsè 15 di nou:

Ale toupatou;

Al pote levanjil bay

Tout moun ki sou latè;

Sa ki kwè ki batize,

Se yo ka sove

Sa ki meprize levanjil,

Deja kondane.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!