No menu items!
HomeGloire A L’Agneau Kreyòl7 GAK – Yon zanmi renmenm, yon zanmi rayim

7 GAK – Yon zanmi renmenm, yon zanmi rayim

1

Yon zanmi renmenm, yon zanmi rayim,

Yon zanmi sove mwen.

Zanmi sou latè, se lèm gen lajan,

Lèm pa gen lajan mwen pa anyen.

Jezi sovem, li delivrem,

Jezi sove nanm mwen.

O mwen vle chante istwa li, glorifye non li

Jezi ou se mèt mwen.

2

Mwen rankontre Jezi nan yon chemen,

Li mande mwen kotem prale;

Mwen di Chè Senyè se ou map chache,

Map swiv ou jiska lafen.

3

Mwen te kondane poum te mouri,

Paske pechem te gwo;

Jezi rele mwen sou mòn Gòlgota

Poul ban mwen lavi etènèl.

4

Yon zanmi ban mwen karès, lanmou

Tout tan m pa nan tonbo.

Zanmi sou latè, se lèm gen lajan,

Lèm pa gen lajan mwen pa anyen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!