No menu items!
HomeEcho Des Elus Kreyòl7 EEK – Yon jou m te pèdi nan chemen an

7 EEK – Yon jou m te pèdi nan chemen an

1

Yon jou m te pèdi nan chemen an

Mwen pa te ka konnen

ki kotem dwe ale

Men yon nonm te vini pran men mwen

E li te kondui mwen kote dlo a byen fre.

Jezi se Wa, Jezi se Wa

Jezi se Wa tout wa

Lap vin chache mwen

Pou male nan syèl la

Jezi se Wa tout wa.

2

Depi jou menl te poze sou mwen

Lavi mwen te chanje

E nanm mwen te vin lib

Nan kè mwen toujou genyen yon chan

Ki temwanye grandè gran lanmou li pou mwen.

3

Ala yon si gran jou sa va ye

Lè Jezi va vini

Pou pran mwen avèk ou

Anpil moun va di: Senyè! Senyè!

Men yo pap ka antre nan bèl vil selès la.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!