No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl69 RNK – Ale, joli kolonb, mesaje Bondye

69 RNK – Ale, joli kolonb, mesaje Bondye

1

Ale, joli kolonb, mesaje Bondye,

Ale, voye mesaj la nan zòrèy tout moun

Ale, nan Sinayi yo

Ak nan Bann-de-Gaza;

Ale bò kote Jwif yo avèk Arab yo,

Di yo li lè pou yo sispann trennen

Nan yon lavi kot chen ap manje chen

Li lè pou yo siyen yon trete de pè

Paske jistis Bondye a pa lwen poul vini.

Refren

Ale di yo sa, se Granmèt la ki voyew

Ale di yo sa,

Avni an kapab apokaliptik

2

Ale, jis anwo tèt tribin Nasyonzini,

Ale, voye mesaj la bay lemonn antye

Ale, pwofite pale ak gwo pisans yo.

Ale, di yo pou yo sispann fabrike zam;

Nan tyèmonn nan gen moun ki nan grangou

Gen timoun kap grandi nan malsite

Ki pa menm gen anyen pou yo manje;

Di yo kilè dyalòg Nò-Sid la va serye.

3

Ale, nan tout azil, nan tout Sanatoryòm

Ale, kote lavi a pa sanble ak lavi lòm;

Ale, kotek gen inosan k anprizone

Ale, di yo pran kouraj pèn yo pral fini

Ale pale ak tout botpipòl yo;

Tout moun yo frape poutèt ide yo

Di yo ya gen chans rewè peyi yo,

Paske jistis Bondye a pa lwen poul vini.

4

Ale bò kote wa ak moun ki gen pouvwa,

Ale bò moun ki renmen wè espektak san.

Ale di yo mouton Bondye a an kolè

Ale di yo jou sa a ki bò yo pral kache?

Ale mache nan tout gran tribinal,

Kote jistis ap vann lajan kontan;

Di jij sa yo se pou yo repanti,

Paske jistis Bondye a pa lwen poul vini.

5

Ale nan O.M.S. avèk nan F.A.O.

Ale di yo tyèmonn an konvalesans.

Ale kote lakwawouj entènasyonal;

Ale di yo men lavni monn nan an danje

Ale pale ak peyi OPEP yo

Ki ap monte pri petwòl la byen wo;

Di yo pou yo genyen pitye pou nou

Paske bidjè tyèmonn nan deja fin kreve.

6

Ale nan tout nayklèb avèk nan tout disko

Ale kote yap pwofite twonpe jèn yo,

Ale pwofite pale ak gwo mesye yo

Ale di yo genyen pitye pou jenès la.

Ale mache nan tout gran bòdèl

Kote yap eksplwate kò medam yo,

Di yo pa kontinye peche ankò,

Paske jistis Bondye a pa lwen poul vini.

7

Ale nan tout vale, nan tout mòn,

Nan tout plenn;

Ale konsole sila yo ki aflije

Ale kote pitit Bondye ap mouri grangou

Ale di yo pran kouraj yo va rasazye

Ale pale ak tout peyizan yo

Ki pa gen yon ti kal tè pou yo travay

Di yo annatandan ya pran kouraj

Paske jistis Bondye a pa lwen poul vini.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!