No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl68 HCK – Lè pèp Kanaran fè kè yo di kont Bondye

68 HCK – Lè pèp Kanaran fè kè yo di kont Bondye

1

Lè pèp Kanaran fè kè yo di kont Bondye,

Yo atriste li ak peche,

Donk Bondye voye gèp yo pou regle yo

Pou ede pèp Izrayèl genyen.

Gèp yo pèsyade yo li ta preferab

Prese vit e pou yo pa mize;

Bondye pa fè yaji kont volonte yo,

Sèlman li fè yo byen dispoze.

Li pape fòse nou ale, (non, non)

Li pape fòse nou ale,

Li pa fè nou aji kont volonte nou,

Sèlman li fè nou byen dispoze.

2

Si yon nich gèp vivan ta andedan chanm ou

Epi gèp ta kòmanse vole;

Nou pa ta bezwen konvenk ou pou soti,

Ou ta prese kouri soti vit.

Se pa akoz fòs yo pou yo pouse ou,

Jete ou nan fenèt la non;

Yo pap fè ou aji kont volonte ou

Sèlman yo fè ou byen dispoze.

3

Lè yo voye Jonas nan lèv Senyè a,

Li pa te vle ale laba,

Li pa janmen fè yon travay ki si rèd,

Donk, li abandone travay la.

Men Bondye fè yon gwo pwason vale li,

Se yon istwa nou tout konnen,

Li pap fè nou aji kont volonte nou,

Sèlman li fè nou byen dispoze.

4

Lè Balaam al kote wa Moab la,

Li te vle regle zafè li;

Bourik li repwochel nan mitan chemen,

Misye admèt pou li obeyi.

Sil ka sèvi ak yon bourik Bondye ka

Fè ak nou nenpòt sa li vle;

Li pa fè nou aji kont volonte nou

Sèlman li fè nou byen dispoze.

5

Genyen anpil moun ki sanble ak bourik

Toude se bèt rebèl, se vre;

Si ou dil vire se toudwat li ale

Ou dil la se atò li mache;

Chan sa a parèt dwòl, men li se verite

E mwen pa ta swete gèp pike ou

Donk, pa reziste kont lapawòl Bondye

Kite li fè ou byen dispoze.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!