No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl64 MJK – Mwen konnen map rive laba

64 MJK – Mwen konnen map rive laba

1

Mwen konnen map rive laba

Kote ki gen lapè, lajwa,

Se la mwen vle rete tout tan,

Nan bèl peyi sa a, Kanaran.

O Kanaran, bèl Kanaran,

Se la mwen vle rete tout tan.

Kote lèt avèk myèl koule,

Kote ki pap janm gen peche,

Se la map rete viv san fen,

Pou toujou ak Kris, Sovè mwen.

2

Wout la move, men map rive

Satan ap chache fèm tonbe,

Men Jezi kenbem pazapa

Jouk mwen rive la, nan laglwa.

3

Mwen pap janm plenyen ni kriye,

Men map toujou pèsevere,

Paske Kris soufri twòp pou mwen

Fòk mwen swiv Li jiska lafen.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!