No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl63 HCK – Chak jou sanble pi lou

63 HCK – Chak jou sanble pi lou

1

Chak jou sanble pi lou,

Eprèv dezole nou,

Nou tante mimire,

Plenyen, dezespere;

Men Jezi va parèt

Pou wete n nan tanpèt,

Dlo nan je nou va seche

Pou tout letènite.

Tout lapenn va fini lè nou wè Jezi,

Eprèv yo pap anyen lè nou wè Kris,

Lè ma wè figi li, tristès yo va fini,

Ak jwa nou va kouri, jouk nou wè Kris.

2

Lè nou manke limyè

Nou mache nan fènwa,

Detrès lavi a bat nou,

Fè nou pa wè sekou;

Jezi ki bon Bèje

Konnen nou aflije,

Li va klere chemen nou,

Wete tristès nou tou.

3

Lè lanmò va vini

Tout loraj va fini,

Nou va kite latè

Pou nou jwenn vrè bonè;

Na rantre ak lajwa

Jwenn Jezi nan laglwa,

Bondye va jije malen;

Na jete tout chagren.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!