No menu items!
HomeChants D’esperance Kreyòl62 CDK – Lontan mwen te rete nan lògèy

62 CDK – Lontan mwen te rete nan lògèy

1

Lontan mwen te rete nan lògèy

M pat rann kont Senyèm te krisifye;

M pat konnen se pou mwen sanl koule

Sou bwa Kalvè.

Tout gras Bondye te pou granmesi,

Jezi te ban mwen tout padon li.

Nanm mwen ki te twouble jwenn lavi

Sou bwa Kalvè.

2

Pawòl Bondye te montrem pechem,

Lè mwen wè lalwa mwen te tranble,

Jouk tan nanm koupab mwen te vire

Bò bwa Kalvè.

3

Kounye a m remèt Kris tout bagay

Kounye a se pou li map travay;

Kounye a se remèsiman map bay

Pou bwa Kalvè.

4

O! lanmou ki te fè plan sali

O! lagras ki te fè li vini

Se pou peche mwen Kris te soufri

Sou bwa Kalvè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!