No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl60 MJK – Nan mitan gwo lanmè ak tanpèt mwen te ye

60 MJK – Nan mitan gwo lanmè ak tanpèt mwen te ye

1

Nan mitan gwo lanmè ak tanpèt mwen te ye

San sekou m te pèdi, san lafwa, san limyè.

Bridsoukou mwen wè yon gwo bato ap pase,

Mwen ranmase tout fòs mwen

E mwen pran rele: O sekou! O sekou!

Kilès ki pou sovem? O sekou!

2

Se bato Levanjil ki te byen ekipe

Li tap mennen fidèl yo

Nan wayòm Bondye.

Kapitèn bato a wè efò mwen tap fè

Ak yon menm byen anlè

Mwen te kriye byen klè: O sekou! O sekou!

Kilès ki pou sovem? O sekou!

3

Bato Levanjil la fè mwen reprann kouraj

Nan gran bonte li, chèf la

Pran ka mwen an chaj.

Kounye a mwen kontan e zafè mwen regle

Paske gran Sovè a rive kotem te ye.

Glwaradye! Glwaradye!

Konsa nanm mwen chante, Glwaradye!

4

Zanmi dekouraje ki pa konnen lapè

Kap fè nofraj anba move lanmè peche,

Sovè mwen dispoze sove ou si ou vle.

Vin chache sekou Li kounye a san delè.

Li sovem! Li sovem!

Ak lajwa wa chante: Li sovem!

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!