No menu items!
HomeRéveillons-Nous Kreyòl6 RNK – Gen de bagay mwen pa dwe konnen

6 RNK – Gen de bagay mwen pa dwe konnen

1

Gen de bagay mwen pa dwe konnen

Gen de kote, m pa dwe ale

Men gen yon bagay, mwen konnen siman

Wi Jezi bon, m santil nan kèm.

Refren

O! Wi! Bondye bon, li bon pou nanm mwen

Wi li lavem e li fèm kenbe

Tankou yon dlo fre, o! Wi! Bondye bon

Li tèlman bon, m santil nan kèm.

2

Genyen anpil moun ki pa krenn Bondye.

Dènye jou a li va twò ta

Pou yo wè tou sa pisans li te ye

O! Wi! li bon, m renmenl konsa.

3

Va genyen yon jou solèy va kouche

Pap genyen limyè menm tout tan,

Ou menm ki pa kwè ki bò ou prale?

Pap gen kote pou ou kache.

4

E tout frè ak sè ki genyen pisans

Nou dwe rann glwa pou pisans sa a

Lemonn pa konnen ki sa nou te jwenn,

Se Sovè a ki renmen nou.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!