No menu items!
HomeRéveillons-Nous Chrétiens Kreyòl6 RCK – Nou dwe konnen genyen yon sèl Bondye

6 RCK – Nou dwe konnen genyen yon sèl Bondye

1

Nou dwe konnen genyen yon sèl Bondye

Li te kreye tè a ak tout sa ki ladanl

Li te kreye yon nonm, li te kreye yon fanm

Nou tout ki sou latè nou se pitit de sèl moun

Nou dwe konnen nou tout ki sou latè se frè

Poukisa lè nou vle nou touye frè nou an?

Poukisa lè nou vle nou kraze sè nou an?

Eske Bondye kapab kite nou san pini?

Talè konsa kontra late, o! Gen poul fini

Ala traka pou wa latè

Ki pa vle aksepte Jezi (2 fwa, 3 liy)

2

Timoun nan tan sa a pa respekte manman yo

Timoun nan tan sa a pa respekte papa yo

Lèzòm tèlman mechan, lèzòm tèlman sovaj

Yo pa kapab rekonèt moun kap fè yo byen

Papa kap mache fè pitit nan chak kafou

Yo pa pran swen manman,

Yo pa pran swen pitit

Konsa, se pa de moun ki deja kriminèl

Kap sakrifye timoun tout jounen, tout lannwit.

3

Ala traka pou moun kap dirije latè

Yo fè tankou se yo ki kreye linivè

Ala traka pou moun ki wè tèt yo sèlman

Yo refize separe sa ki nan men yo

Mesye dam kap koute map bay yon ti konsèy

Sa ki pa ka manje ba yo yon ti manje

Sa ki pa ka dòmi, pa fè yo mechanste

Bondye va pwotejew lè ou tonbe nan malè.

4

Se nan lemonn antye ki gen bagay ki sal

Se nan lemonn antye moun dòmi nan lari

Se nan lemonn antye lajan ap gaspiye

Map site kèk peyi poun wè si se pa vre

Lè ou pran Etazini, Larisi, Langletè,

Lalibi, Lasiri, Lachin avèk Japon

Lajan ap gaspiye nan fabrike gwo zam

Ayiti menm loreya nan fè manje lwa.

.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!