No menu items!
HomeHaiti Chante Avec Radio Lumière Kreyòl59 HCK – Kote konbit yo ki pou rekòlte

59 HCK – Kote konbit yo ki pou rekòlte

1

Kote konbit yo ki pou rekòlte

Gran mwason pou nanm

Nan jaden peche?

Fòk nou byen pare ak laverite,

Ranmase rekòt pou letènite.

Chache travayè pou rekòlte,

Gran mwason nanm ki

Nan jaden peche?

Kilès ka edem

Nan travay Bondye,

Egzante nanm yo nan jijman dife?

2

Travay la pral rèd, lap fè cho anpil,

Na keyi nanm moun malgre gwo raje,

Pa kite yon sèl,

Paske tout pou Kris,

Tout efò nou fè, sonje Kris fè plis.

3

Mwason an pare, fòk nou rekòlte,

Travay la anpil, manke ouvriye.

Yon jou na regrèt si nou fè reta,

Vini bay konkou ou

Nan gran travay sa a.

4

Annou mete men

Senyè a vle sa,

Nou pa fin konnen

Valè yon sèl nanm

Yon jou mèt rekòt la va retounen,

Li vle nou rejwi ak li pou tout tan.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!