No menu items!
HomeMélodies Joyeuses Kreyòl57 MJK – Ala yon gras nou jwenn nan Bondye

57 MJK – Ala yon gras nou jwenn nan Bondye

1

Ala yon gras nou jwenn nan Bondye,

Gras ki pi gran pase tout peche,

Sou kwa Kalvè Jezi krisifye,

San li te vèse la pou nou tout.

Gras, gras, gras Bondye,

Gras ki padone e pirifye

Gras, gras, gras Bondye,

Gras ki pi gran pase tout peche.

2

Peche ki gran kon gwo vag lanmè,

Menase nanm nou pou nou pèdi,

Gras ki pi gran, wi, gras li si chè,

Montre nou yon refij nan kwa Li.

3

Gras li se mèvèy, li san mezi,

Bondye bay li pou tout moun ki kwè.

Ou, ki yon jou vle wè fas Jezi,

Èske ou resevwa gras Kalvè.

RELATED ARTICLES

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here
Captcha verification failed!
CAPTCHA user score failed. Please contact us!

Most Popular Songs

Recent Comments

error: Praise The Lord!!